Soti 20 pou rive 22 out 2009, plis pase 500 moun te patisipe nan lokal Fakilte Etnoloji, Pòtoprens, nan Fowòm GARR te òganize sou « Komès vann nèg nan tan lontan ak kondisyon travay jodi a, an Ayiti ». Aktivite sa a te reyalize nan okazyon jounen entènasyonal pou sonje soulèvman jeneral esklav Sendomeng yo te fè nan lannuit 22 pou rive 23 out 1791 pou mande respekte dwa yo genyen pou yo viv tankou moun. Se dezyèm fowòm GARR òganize pou selebre dat sila.
Pandan 3 jou, avèk konkou pwofesè inivèsite, chèchè, militan dwa moun, patisipan nan fowòm nan te brase lide sou kondisyon travay esklav yo pandan tan lakoloni, sou òganizasyon yo te mete kanpe ak aksyon yo te mennen pou konbat esklavaj la, pami aksyon sa yo, gwo reyinyon/seremoni ki te fèt nan Bwa Kayiman, 8 jou anvan gwo leve kanpe a. Patisipan ak patisipant nan fowòm nan te li dokiman, gade fim ak foto sou travay esklav yo nan tan lakoloni, ak travay yon seri gwoup ayisyen jounen jodi a. Yo te koute temwayaj sèvant, peyizàn, ouvriye/ouvriyèz, e yo te reflechi an atelye pou gade kisa ki ka mete kanpe, pou an Ayiti, kote leve kanpe kont esklavaj la te fèt, pa gen okenn gwoup moun ankò ki kontinye ap travay nan kondisyon ki sanble tèt koupe ak lesklavaj modèn. Fowòm nan te fini ak yon bèl aktivite kiltirèl.
An atelye, patisipan yo te reflechi sou kategori moun yo konsidere k ap travay nan pi move kondisyon nan peyi a jounen jodi a. Yo site : travayè domestik yo, ti peyizan yo, machann nan lari yo, fanm komèsant yo, ouvriye/ouvriyèz nan faktori yo, anplwaye vwari yo, pòtè ak bouretye yo.
Pou sa ki konsène Travayè domestik yo , patisipan yo konstate : kategori moun sa yo ki pote non sèvant ak jeran lakou ap touche yon kraze monnen ; yo pa jwenn respè ; yo travay tout jounen epi yo pa toujou gen konje. Timoun restavèk yo ki reprezante plizyè milye nan tout peyi a ap sibi anpil zak maspinay, yo soufri grangou, imilyasyon ak tout kalte zak agresyon ki make pèsonalite yo pandan tout vi yo.
Lè yo analize nan ki kondisyon yon bann ti peyizan ap travay, patisipan nan fowòm nan deklare, kondisyon sa yo pa respekte diyite moun, paske travay y ap fè a pa pèmèt yo viv, ni okipe fanmi yo. Plizyè moun te bay legzanp peyizan k ap travay demwatye lè yo fin rekòlte ki pa menm jwenn kantite semans yo te mete anba tè a pou yo manje. Lè yo rive, pwodui yon bagay, yo pa fasil jwenn kote pou vann li a bon pri ; yo pa benefisye nan men Leta ni konsèy teknik kòmsadwa, ni angrè, ni kredi, ni dlo pou wouze jaden yo. Anpil ti peyizan k ap travay tè ap mouri grangou, dòmi-leve nan pis, pinèz ak chik.
Mache yo reprezante yon espas travay pou plizyè milye moun nan peyi a, espesyalman pou fanm yo. Lè yo te analize nan ki kondisyon medam yo ap fè komès an Ayiti, patisipan ak patisipant nan fowòm nan wè se pa yon bagay ki respekte dwa ak diyite moun. Yo te pale de kondisyon fanm yo ap vwayaje pou transpòte machandiz nan mache, eta mache yo ki pa gen lijyèn ak sekirite, move eta depo yo kote fanm ap dòmi ak machandiz tankou bèt ; vyolans tout kalite yo sibi sou wout ak nan mache yo, san konte rigwaz nan do yo lè ajan lameri ap egzije yo peye taks oswa mande yo kite lari a.
Patisipan yo te denonse tou move kondisyon travay ouvriye/ouvriyèz nan faktori yo ki pa menm ka manje ak sa yo touche pou yon jounen, alewè pou yo ta pretann okipe fanmi yo, voye timoun lekòl eksetera. Yo te gade tou kondisyon travay anplwaye vwari yo k ap leve fatra san okenn ekipman, sa ki menase sante yo chak jou, pandanstan yo pa vle peye yo atan. Fowòm nan te pwofite tou pale de anplwaye Leta yo rele ″kontraktyèl″ yo, k ap peye taks, men ki pa gen okenn garanti menm lè yo pase plizyè lane ap travay nan yon enstitisyon piblik. Yo te gade tou nan ki kondisyon pòtè ak bouretye yo ap chache lavi, yon seri travay moun pa ta dwe fè ankò sou yon tè kote yo te konsidere moun tankou bèt nan tan lontan.
Nan sa ki arevwa ak travayè domestik yo ki reprezante plizyè milye moun, men angajman moun ki t ap patisipe nan fowòm nan pran :
1 Chak moun nan espas kote li evolye tankou nan gwoup, nan fakilte, nan katye, nan lekòl, legliz eksetera, ap fè sansibilizasyon ak mobilizasyon sou kondisyon travay sèvant, jeran lakou ak timoun restavèk yo, yon fason pou chanje sa. Pi espesyalman, yo pran angajman pou ensiste pou moun sa yo ka benefisye salè minimòm nan, konje ak bonis ; pou yo jwenn manje ak pi bon tretman. Lè yon moun pa kapab peye yon bòn oswa yon jeran lakou salè minimòm nan paske li pa gen mwayen pou sa, fòk li òganize l yon fason pou se pa travayè sa yo ki peye konsekans la. Nan sans sa a, si se 2 oswa 3 jou moun nan ka peye, l ap peye li sou baz salè ki fikse a, epi rès travay yo, moun nan kay la va òganize yo pou fè yo.
2. Chak moun pral fè jefò pou chanje rapò li parapò ak moun k ap travay lakay li, pou li trete travayè sa tankou moun, kidonk pou li respekte dwa l.
Nan sa ki konsène ti peyizan yo, men pozisyon patisipan nan fowòm nan :
Chak moun pran angajman pou pote solidarite ak peyizan yo nan yon seri revandikasyon y ap pote depi lontan pou jwenn pi bon kondisyon pou travay latè.
Nan sa ki konsène ouvriye/ouvriyèz yo ak fanm komèsant yo, patisipan-t nan fowòm nan mande pou tout sitwayen/sitwayèn konsekan kèlkelanswa pòs yo okipe nan peyi a fè solidarite ak travayè sa yo, bay tout soutyen nan desizyon k ap amelyore kondisyon lavi yo.
Youn nan rezon ki fè gen yon seri fòm travay ki pa respekte diyite moun kontinye egziste an Ayiti, se chomaj la ki wo anpil ak vye mantalite ki fè kwè tout moun pa moun. Patisipan ak patisipant yo fè plizyè pwopozisyon pou plis travay ki respekte diyite moun ta kreye nan peyi a, espesyalman pami jèn yo. Pwopozisyon sa yo ale nan 4 sektè : agrikilti, anviwonman edikasyon ak sekirite. Men kèk nan yo :
a) Nan domèn Agrikilti, elvaj ak atizana
Agrilkilti a, se yon sektè ki ka bay plis pase 2 milyon moun travay, si dispozisyon pran pou mete tout tè yo an valè, pou transfòme pwodui latè yo ak pou chache debouche pou yo. Nan sans sa a, patisipan nan fowòm nan mande Leta :
Mete kanpe yon gwo pwogram k ap chache ogmante pwodiksyon nasyonal nan domèn sa yo : pwodiksyon manje, elvaj, lapèch ak atizana. Sa mande pou Leta rebrase tè a nan yon gwo pwogram refòm agrè, kote se moun k ap travay latè k ap gen tè.
Miltipliye nan tout peyi a antrepriz k ap transfòme pwodui agrikòl yo epi k ap fè atizana. Sa mande pou bay moun k ap fè antrepriz sa yo mwayen pou jwenn kredi, ankadreman teknik ak debouche pou vann pwodui yo prepare yo.
Mete enfrastrikti nan milye peyizan an tankou wout, pon pou fè pwodui yo sikile san twò gwo pwoblèm ;
Fè inivèsite a travay pi pre peyizan yo pou ba yo konsèy sou yon seri pwoblèm y ap konfwonte.
b) Nan domèn edikasyon ak sekirite
Edikasyon ak sekirite, se 2 sektè kote Leta ka kreye anpil travay, espesyalman pou jèn yo. Gen yon bann timoun ki bezwen ale lekòl, men ki pa kapab, paske paran yo pa gen mwayen pou sa. Gen yon bann jenn fi ak jenn gason ki fini lekòl, ki pase nan inivèsite, men ki pa p fè anyen. Fowòm nan mande Leta mete kanpe yon gwo pwogram pou fè lenstriksyon primè, ni pou granmoun, ni pou timoun. Avèk yon fòmasyon an diplis nan zafè metodololoji ak pedagoji, gen mwayen pou sèvi ak sèvo, ak bra plizyè milye jenn sa yo pou enstwi lòt moun.
Menm jan an tou, gen yon bann kote nan peyi a ki pa gen moun pou bay sekirite. Fowòm nan mande Leta sèvi ak pakèt jenn sa yo pou òganize sekirite nan tout peyi a.
c) Nan Jesyon Anviwonman
Anviwonman an se yon domèn kote Ayiti gen anpil pwoblèm. Se yon domèn tou kote anpil travay ka kreye swa nan konsève tè a, nan plante pyebwa, nan pran swen yo, nan ranmase, trete ak resikle fatra. Fowòm nan mande Leta mete kanpe yon gwo pwogram jesyon ak pwoteksyon anviwonman sou pye ki ka pèmèt plizyè milye pòs travay kreye, espesyalman pou jèn yo nan milye riral yo ak nan katye popilè nan vil yo.
Pou li kapab jwenn fon pou kreye travay sa yo, fowòm nan pwopoze pou Leta pran yon pati taks sou lajan transfè ki soti nan dyaspora a pou kreye yon fon pou travay. Lajan sa a dwe jere nan transparans.
Pou fini, patisipan ak patisipant nan fowòm nan pran angajaman pou kontinye refleksyon an sou kondisyon travay jounen jodi a nan peyi a. Nan sans sa a, yo deside pou nan dat 17 Oktòb k ap vini la a, ki se Jounen Entènasyonal kont Lamizè, yo reyalize yon pwosè senbolik sou kondisyon travay nan faktori yo an Ayiti.
Men kèk pami òganizasyon ki te patisipe nan Fowòm 20-22 out 09 la : Reprezantan Platfòm Gwoup k ap Apiye Rapatriye ak Refijye yo (GARR)
Reprezantan òganizasyon dwa moun nan peyi Dayiti
Reprezantan Komite Dwa Moun ki sou tout liy fwontyè bò Ayiti nan Rezo Fwontalye Jano Siksè
Reprezantan plizyè òganizasyon debaz, òganizasyon peyizan, òganizasyon fanm, òganizasyon etidyan/etidyant
Reprezantan sendika ouvriye/ouvriyèz
Reprezantan asosyasyon anplwaye revoke nan biwo Leta yo
Reprezantan Ofis Pwoteksyon Sitwayen
Ati nasyonal la
Reprezantan asosyasyon pwofesyonèl
Reprezantan inivèsite Leta
Pòtoprens, 3 septanm 2009
Pou otantifikasyon :
Lisane André
— Responsab Seksyon
— Kominikasyon & Pledwaye